Se ak yon kè sere, ak ampil chagren ke n ap pran lapawòl pou pale de Mikaben ki pati kite nou. Se te yon kokenchenn gason, yon moun karismatik, yon moun pozitif. Li te yon moniman nan endistri mizik la.
MIKABEN se pa t sèlman yon chantè ki te gen ampil talan, li te yon pwodiktè ak yon konpozitè mizik, li te ekri mizik, li te yon antrenè vokal, ak yon aktè tou. Sou tèt tout talan sa a yo, Mikaben te yon bon moun, janti, jenere, yon papa ki te gen anpil lanmou pou pitit li yo, yon mari devwe. Li te yon gason djanm ki te renmen fanmi li anpil. Nou vreman gen anpil rekonesans pou tout bèl moman nou pase avèk li e pou tout moman ke mizik li yo ap toujoun pèmèt nou pataje ansanm. Nap toujou sonje l. Mèsi Mikaben pou tout bèl eritaj sa a!
Nou vle di tout fanatik solid Mikaben yo mèsi pou lanmou ak sipò san limit yo. Antan ke reprezantan ofisyèl li, nou rekonesan pou tout sipò nou resevwa nan men moun atravè tout mond lan, ki vle onore memwa Mikaben. Nou wè tout piblikasyon yo, tout chante li yo ke nap pase, moun kap fè desen, kreye miral elatriye, ak tout moun kap fè vijil e kap rasanble nan memwa li. Tout jès sa yo manyen kè nou fò.
Pou onore li, nap kontinye mete enfòmasyon sou platfòm li. Sa pral pèmèt nou toujou sonje li, epi lap pèmèt nou pataje tout jan piblik la ka pote yon sipò bay fanmi li ak tout kòz li tap defann yo.
Pou reponn a tout moun ki te deja mande kijan yo te ka ede, ak aprobasyon nou, fanmi Mika òganize yon paj entènèt pou resevwa tout jès jenerozite anpil moun vle demontre. Don sa yo pral pataje konsa: pi fò pou ede nan depans twa pitit Mika yo, tankou lekòl, inivèsite, ak doktè. Yon lòt pati pral jwenn Ti Souf, ki se yon oganizasyon Mikaben te mete sou pye an 2010 pou pote soutyen li ak pèp Ayisyen.
Antèman Mikaben ap fèt nan Miami Florid, dimanch kap 6 novanm 2022 . Pou zanmi nou ki an Ayiti yo, nap chante yon lamès. Detay yo pral kominike dan pa twò lontan pou pèmèt tout moun ki ta vle vin rann li omaj.
Mèsi tout moun paske nou selebre Mika nou an.